Skip to main content
Press Release

Yo Enkilpe Yon Mesye Ki Abite Coral Springs poutèt Li Tap Jere Yon Konplo Ponzi Ki Rapòte 100 Milyon Dola Atravè Konpayi Kamyon Li a

For Immediate Release
U.S. Attorney's Office, Southern District of Florida

MIAMI – Yo arete Sanjay Singh ki gen 43 lane e ki soti Coral Springs, Florida. Yon tribinal federal nan Sid Florid la enkilpe misye pou fròd nan yon envestisman ki rapòte 100 milyon dola ke li monte a travè yon konpayi kamyon li genyen ki rele Royal Bengal Logistics, Inc. (“RBL”).

Genyen yon rekizitwa kont Singh ki gen ladanl akizasyon ki di Singh vyole lwa federal ki penalize konplo pou komèt fwòd elektwonik, fwòd elektwonik ak patisipasyon nan tranzaksyon ki rapòte lajan ilegal.

Dapre enkilpasyon an, Singh, fondatè e prezidan RBL, te òganize epi dirije yon konplo Ponzi ak lòt konplis. Komplo a kòmanse an janvye 2020 e li te kontinye jiskaske yo arete misye. Singh ak konplis li yo te prezante RBL bay potansyèl envestisè yo tankou yon biznis kamyon ki pwospè e k ap byen mache, pandansetan antrepiz la ap pèdi lajan.

Nan mouvman sa, Singh ak akolit li yo te fè fo deklarasyon ak omisyon enpòtan sou risk ki genyen nan envesti nan RBL, rantabilite operasyon kamyon RBL yo, kijan RBL ta pral peye envestisè yo, epi kijan RBL ta pral itlize lajan envestisè yo. Atravè fo deklarasyon ak omisyon enpòtan sa yo, Singh ak konplis li yo pran plis pase 100 milyon dola nan men envestisè yo. Singh ak akolit li yo te itilize yon pati nan lajan sa a pou peye envestisè yo enterè yo te pwomèt yo.

Rekizitwa a akize Singh kòmkwa li detounen plizyè milyon dola ki soti nan lajan envestisè yo pou repare kay li, peye ipotèk li, peye pou depans pèsonèl li ak envesti nan mache bousye a.

Si yo kondane l pou tout akizasyon ki nan rekizitwa a, Singh ap fè fas ak yon maksimòm total 150 lane nan prizon.

Markenzy Lapointe, Avoka Gouvènman Ameriken nan Distri Sid Eta Florid, Jeffery B. Veltri, Ajan Espesyal an Chaj nan Biwo FBI nan Miami, Todd A. Damiani, Ajan Espesyal an Chaj nan Biwo Enspektè Jeneral Depatman Transpò (ʺDOT-OIGʺ), Rejyon Sid ak Russell Weigel III, Komisyonè Biwo Règleman Finansyè Florid (ʺOFRʺ) fè anons la.

Avoka Gouvènman Ameriken an, Lapointe, felisite efò envestigasyon FBI, DOT-OIG ak OFR sou dosye sa. Li remèsye Biwo Rejyonal Komisyon Sekirite ak Echanj Ameriken nan Miami pou asistans yo. Asistan Avoka Gouvènman Ameriken, Kiran N. Bhat, ap pouswiv ka a. Asistan Avoka Gouvènman Ameriken, Marx Calderon, ap okipe konfiskasyon byen yo.

Yon enkilpasyon se sèlman yon akizasyon, epi yon akize inosan jiskaske yo pwouve li koupab.

Si w te envesti nan RBL, si RBL dwe w lajan oswa ou te konn pale ak nenpòt moun nan RBL konsènan yon potansyèl envestisman nan RBL, silvouplè vizite https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors pou w bay FBI bon jan enfòmasyon. Ou ka vizite tou https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors-french pou w bay enfòmasyon an Fransè Ayisyen oswa https://www.fbi.gov/how-we-can-help-you/victim-services/seeking-victim-information/rblinvestors-haitian-creole pou bay enfòmasyon an Kreyòl.

Ou ka jwenn dokiman ak enfòmasyon ki gen rapò ak tribinal la sou sit wèb Tribinal Distri pou Distri Sid Florid la nan www.flsd.uscourts.gov oswa nan http://pacer.flsd.uscourts.gov chèche nan nimewo sa : 23-60117-CR (S.D.Fla.).

###

Contact

Public Affairs Unit

U.S. Attorney’s Office

Southern District of Florida

USAFLS.News@usdoj.gov

Updated June 23, 2023

Topic
Financial Fraud