Skip to main content

Pwogram Sevis Viktim

 
Bi Pwogram Asistans Temwen Viktim lan se:

Pou amelyore ak pwoteje wol nesesè viktim krim yo ak temwen yon an pwosè jistis kriminel; pou fòme yon asosyasyon ak Leta ak kominote lokal yo pou etabli ak founi sèvis ak dwa enpòtan viktim yo; epi pou asire meye efo noun an bay viktim dwa swivan yo dapre 42 U.S.C. Seksyon 10606(b);

Dwa Viktim ki sibi Zak Kriminèl:

1.  Dwa pou pwoteje viktim la de akize a yon fason rezonab.

2.  Dwa pou resevwa avi pwosedi jidisyè oswa pwosedi libète kondisyonèl konsènan zak la oubyen kelkeswa pwosedi liberasyon oswa evazyon akize a yon fason  rezonab, presi ak ponktyèl.

3.  Dwa pou yo pa eskli w de nenpòt ki pwosedi piblik, amwens ke tribinal la, aprè li ta resevwa prèv klè ak konvenkan, ta detèmine ke temwayaj viktim la ta sibi chanjman fondamantal si viktim la ta tande lòt temwayaj nan pwosedi a.

4.  Dwa pou yo tande w yon fason ekitab nan nenpòt ki pwosedi piblik nan tribinal distri a konsènan liberasyon, pledwaye, santans, oswa nenpòt ki lòt pwosedi konsènan libète kondisyonèl.

5.  Dwa pou diskite de dosye a ak avoka Gouvènman an.

6.  Dwa pou resevwa dedomajman konplè ak ponktyèl selon lalwa.

7.  Dwa pou pwosedi yo fèt san delè rezonab

8.  Dwa pou yo trete viktim la san pati pri ak respè, diyite epi prezève entimite viktim la.

9.  Dwa pou yo avize w alè de nenpòt ki negosyasyon pledwaye oswa antant konsènan yon pouswit defere; ak

10. Dwa pou yo enfòme w de tout dwa ki tonbe anba seksyon sa a ansanm ak tout sèvis ki dekri nan seksyon 503(c) Lwa 1990 sou Dwa Viktim ak Dedomajman (42 U.S.C. 10607(c)) ak enfòmasyon ki parèt nan kontak  Biwo Pwotektè Dwa Viktim Depatman Lajistis la.

 

Anplisde dwa ke viktim yo gen dwa genyen, souvan nou bay viktim/temwen yo sÈvis swivan yo:

Enfòmasyon sou klinik medikal, sèvis sosyal, rekompansasyon ki disponib, pwogram piblik ak prive ki disponib ki bay klas fòmasyon, tretman ak lòt sipo, avis sou a ki pwen ke ankèt la lye ak pouswit krim lan, avi de oportinite pou alekisyon devan jij seyans lan, transpòtasyon ki peye déjà ak aranjman pou kay, remèt byen ki sèvi kouwè prèv, notifikasyon/entèsesyon anplwaye oswa kreyansye, pyès atant senesòf pou tan seyans tribinal, èd gadri, epi egzamen medico legal pou kadejak ki peye déjà epi lòt dwa ak sèvis an relasyon ak notifikasyon, egzamen ak sèvis pou viktim ka aresyon seksyèl.

Yo sèvi ak Fòm Enfòmasyon Temwen Viktim a nan tout eta a pou ede Biwo Komisè Gouvènman an ak lòt ajans federal ak obligasyon legal yo pou avize tribinal yo sou restitisyon ki apwopriye pou remèt viktim yo.

Nimewo telefòn gratis pou Koodinatè Temwen-Viktim yo:

Miami, Fl (888) 513-0867

Fort Lauderdale, Fl (800) 379-4643

Pou enfòmasyon ki ajou konsènan yon ka an patikilye, rele Koodinatè Temwen-Viktim lan jan li.

EnfÒmasyon sou Ka Prezan an:
United States vs Daniel Carrasco and Federico Martin Gioja

Fòm Plent Sitwayen (PDF) | Nimewo Telefòn pou Plent Sitwayen, (305) 961-9173

Plent Sitwayen Email Address: USAFLS-Citizencompla@usdoj.gov

Updated August 8, 2016