Lwa imigrasyon entèdi sèten kalite diskriminasyon ak vanjans nan travay, tankou: 1) diskriminasyon baze sou estati legal an rapò ak anbochaj, revokasyon, oswa rekritman oswa referans pou lajan tout moun ki pwoteje; 2) diskriminasyon ki baze sou orijin nasyonal (ki enplike patwon ki gen kat a katòz anplwaye) an rapò ak anbochaj, revokasyon, oswa rekritman oswa referans pou lajan tout moun ki otorize legalman pou travay nan Etazini. Lwa a entèdi tou (3) pratik dokimantè malonèt:ki rive lè yon moun, yon biznis, oswa yon òganizasyon refize aksepte yon dokiman valab, mande dokiman espesifik oswa mande plis dokiman oswa mande diferan dokiman pase sa yo egzije pou ranpli Fòmilè I-9 la akòz estati legal yon moun oswa orijin nasyonal li. Lwa a entèdi tou (4) vanjans kont moun ki revandike dwa yo ki pwoteje anba dispozisyon anti-diskriminasyon ki nan lwa imigrasyon an, oswa ki patisipe oswa ede nan yon ankèt biwo sa a fè.
Ki moun ki ka depoze yon akizasyon: Nenpòt moun ki akize li se yon viktim diskriminasyon oswa vanjans oswa yon moun ki otorize sou non viktim lan. Fòmilè akizasyon sa a dwe poste nan adrès ki anba la a oswa fakse nan (202) 616-5509 oswa voye imèl bay IER@usdoj.gov avan 180 jou apre dat swadizan diskriminasyon an. Pou ranpli fòm nan, tanpri tape oswa ekri an lèt enprime byen klè enfòmasyon yo mande a , nan nenpòt lang. Si yon kesyon pa konsène w, kite li vid
Nimewo OMB: 1190-0018
Dat li revize: 12/3/20
![]() |
![]() |
Vanita Gupta |
Principal Deputy Assistant Attorney General |
![]() |
Civil Rights Division |
(202) 514-4609 Telephone Device for the Deaf (TTY) (202) 514-0716 |