De Nou Nenm

Biwo yo

STRIKTI OGANIZASYON?L

Biwo Komis� Etazini pou Distrik Sid Laflorid lan se ch�f anf�sman lalwa nan pou Distrik la. USAO [biwo Komis� Etazini] �ganize nan fason swivan an: Divizyon Egzekitif, Divizyon Administratif, Divizyon Ap�l, Divizyon Sivil, Divizyon Konfiskasyon Byen, Divizyon Krimin�l (ki enkli Seksyon Krim Ekonomik & Anviwonman, Seksyon Krim Maj� [Grav], Seksyon Narkotik, Seksyon Pouswit Lajistis Espesyal, ak Pwoteksyon Piblik, Sekirite Nasyonal ak Seksyon Dwa Sivil). Anplis de biwo Miyami an, gen biwo sikisal ak p�son�l nan Ft. Lauderdale, West Palm Beach ak Ft. Pierce, epi yon biwo nan Key West san p�son�l. Swivan an se yon deskripsyon jeneral Divizyon yo:

DIVIZYON EGZEKITIF

Divizyon Egzekitif Biwo Komis� Etazini an konpoze de ekip administrasyon prensipal lan, Ekip F�masyon, ak Ekip Asistans Viktim-Temwen. Ekip administrasyon prensipal lan enkli Komis� Etazini an, Premye Asistan Komis� Etazini an, Asistan Egzekitif Komis� Etazini an, Konseye Komis� Etazini an, ak Konseye Espesyal an pou Komis� Etazini an. Ekip administrasyon prensipal lan, travay pre ak lid� Divizyon Administratif, Ap�l, Konfiskasyon Byen, Sivil, ak Kriminel, epi ekip lan okipe ak sipo pwos� devan lajistis, operasyon, ak administrasyon nan tout Distrik lan.

Ekip F�masyon an, ki f� pati Divizyon Egzekitif lan, bay anplwaye Biwo Komis� Etazini opotonite devlopman pwofesyon�l. Pou ranpli misyon sa, Ekip F�masyon an souvan prezante evenman f�masyon ent�nn ki edike Komis� Etazini yo [AUSA] sou anpil koze rey�l ak koze pwosedi legal epi bay AUSA yo kons�y pretik sou aplikasyon lalwa dapr� ka yo genyen yo. An plis de sa, Ekip F�masyon an prezante evenman f�masyon ent�nn pou p�son�l sip� yo sou koze ki gen pou w� spesifikman ak responsabilite yo; asire ke anplwaye yo ranpli tout direktif obligatwa f�masyon Depatman Lajistis; Koodine ak fasilite ke anplwaye yo prezan nan evenman f�masyon andeyo biwo a, ki enkli klas Sant Reprezantasyon Nasyonal Depatman Lajistis ofri; epi founi bank referans ent�nn ak mateyo resous pou avoka yo ak p�son�l sip� yo.

Ekip Asistans Viktim Temwen reprezante entere gouv�nman an ak victim ak temwen yon krim. Biwo Komis� Etazini an bay viktim ak temwen yo sip� pandan tout pouswit devan lajistis kons�nan yon koze krimin�l. Pami l�t s�vis, Ekip Asistans Viktim Temwen notifye viktim kons�nan enf�masyon ka a, dirije yo a s�vis yo bezwen pou ede yo nan demach retabli yo anko, epi ede viktim ak temwen ak transp�tasyon pou vwayaje. An plis de sa, Ekip Asistans Viktim Temwen ede viktim ak temwen yo konpran pwosedi lajistis krimin�l lan.

Tounen anlé a

DIVIZYON ADMINISTRATIF

Misyon Divizyon Administratif lan se pou founi s�vis administratif ak sip� ki konsitan ak efikas bay anplwaye yo ak pwogram Biwo Komis� Etazini an pou Distrik Sid Laflorid.

Divizyon Administratif lan responsab pou planifikasyon ak egzekisyon yon serie s�vis administratif ekstansif ki sip�te misyon Biwo Komis� Etazini an. Divizyon an jere pa Ofisye Administratif lan, ki se konseye prensipal Komis� Etazini an ak Distrik lan kons�nan koze administratif. Ofisye Administratif lan founi sip�vizyon sou administrasyon ak izaj resous finans, im�nn ak fizik Distrik la epi sou r�gleman administratif, pwosedi, enf�masyon ak pratik yo. Pwogram administratif yo enkli: sekirite fizik ak p�son�l; jesyon resous im�nn; jesyon finans; acha; jesyon espas; jesyon sist�m ak enf�masyon; sip� otomatik pouswit lajistis; jesyon ka ak fich ransegnman; s�vis telekominikasyon; akizisyon; jesyon pwopriyete; ak s�vis sip�, enkln jesyon kourye, materyo, ak jesyon dosye [rejis] yo.

Seksyon yo

Fiskal

Seksyon Fiskallan responsab pou f�milasyon, egzekisyon, ak veye resous finansye Distrik lan. Responsibilite yo enkli peye fakti founis� yo touswit, pwogram vwayaj ak ranbousman anplwaye yo, ak jesyon alokasyon p�w�l/resous im�nn.

Resous Im�nn

Seksyon Resous Im�nn lan founi jesyon avetisman, rekritman, jwenn anplwaye, klasifikasyon pozisyon, relasyon anplwaye, jesyon p�f�mans, pwogram prim, kontabilite p�son�l, benefis, ak s�vis pwosedi p�son�l. Epitou seksyon sa responsab pou peye administradyon ak l� tretman ak rejistre prezans.

Enf�masyon Teknoloji

Seksyon Enf�masyon Teknoloji lan responsab pou tout sist�m otomatize yo. Senk pwogram prensipal yo se: biwotik [otomizasyon biwo]; jesyon dosye elektwonik; jesyon ka; sip� pwos� devan lajistis; ak telekominikasyon. Anplwaye biwotik yo pral soutni rezo biwo a, bay kliyant�l lan sip�, jere sist�m telef�n eVoIP lan, konf�rans videyo ak antretyen koneksyon. Epi tou yo responsab pou jesyon dosye elektwonik yo. Anplwaye jesyon ka a responsab pou afiche enf�masyon ak rapote tout ka yo nan Distrik lan. P�son�l sip� pwos� devan lajistis responsab pou pwodwi prezantasyon nan tribinal, montaj odyo-vizy�l nan sal tribinal lan ak ede anplwaye pwofesyon�l lan ak preparsyon pwos� an.

S�vis Sip� Administratif

S�vis Sipo Administratif separe nan twa Gwoup: S�vis Sip�, Akizisyon [Acha], ak Pwopriyete [Byen]; Kominikasyon; ak JesyonKomodite. Seksyon an responsab pou tout akizisyon an relasyon a s�vis legal, epi ak acha mateyo, m�b, ak ekipman biwo; operasyon lojistik, enkli ak s�vis kominikasyon, �ganizasyon konf�rans, deplasman fizik ent�nn, s�vis lap�s ak kourye; jesyon dosye ak achiv; epi jesyon machin gouv�nman ak pwopriyete. Epitou yo devlope ak jere kontra s�vis pou ekipman biwo, koodinen bezwen espas ak etablisman biwo Distrik yo, de biwo satelit yo ak espas preparasyon pwos� san p�son�l, epi founi l�t sipo ki afekte operasyon kotidyen Biwo a.

Sekirite

Seksyon Sekirite an responsab pou byenet ak sekirte tout anplwaye yo. P�son�l la jere bezwen sekirite fizik tout etablisman an, ki enkli sip�vizyon Ofisye Sekirite Espesyal Distrik yo ak sist�m idantifikasyon sekirite ak aks�. An plis de sa, yo asire sekirite p�son�l biwo a ak pwoteje enf�masyon ki konfidansy�l. Epitou p�son�l Sekirite an yo responsab pou Plan Ijans Distrik lan ak pwogram byenet, k�m f�masyon CPR, ranpli kondisyon OSHA epi konesans sekirite.

DIVIZYON KRIMIN?L

Divizyon Krimin�l Biwo Komis� Etazini pou Distrik Sid Laflorid reprezante nan tou l� kat biwo ak p�son�l nan Distrik lan. An t�t li se Ch�f Divizyon Krimin�l lan, ki baze nan biwo prensipal Distrik lan nan Miyami. Nan Miyami, aktivite Divisyon Krimin�l lan depan tou de Ch�f Adjwen Divizyon Krimin�l lan. Rejyon Santral lan (biwo sikisal Fort Lauderdale lan) ak Rejyon N� lan (biwo sikisal West Palm Beach ak Fort Pierce) chak gen yon Asistan Manaj� Komis� Etazini (MAUSA) ki responsab pou jere operasyon kotidyen Divizyon Krimin�l lan an pw�p rejyon pa yo. MAUSA yo depan direkteman bay Ch�f Divizyon Krimin�l lan nan Miyami.

Nan biwo Miyami an, Divizyon Krimin�l lan divize nan senk seksyon: Krim Ekonomik ak Anviwonman; Krim Maj� [Grav]; Nakotik; Sekirite Nasyonal Entegrite Piblik & Dwa Sivil; epi Pouswit Lajistis Espesyal. Chak seksyon gen yon Ch�f an t�t li epi omwen yon Ch�f Adjwen. Gen apepre 100 AUSA k ap travay nan Divizyon Krimin�l lan nan Miyami.

Nan Rejyon Santral lan, Divizyon Krimin�l lan divize nan twa seksyon: Krim Ekonomik; Nakotik & Krim Maj� [Grav]; epi Krim Pganize & Pouswit Lajistis Espesyal N�. Chak seksyon gen Ch�f Seksyon pa yo, epi gen plis ke 30 AUSA k ap travay nan Divizyon Krimin�l lan nan Rejyon Santral lan.

Nan Rejyon N� lan, Divizyon Krimin�l lan divize nan twa seksyon: Krimin�l I (baze nan West Palm Beach); Krimin�l II (baze nan West Palm Beach); ak Krimin�l III (baze nan Fort Pierce). Chak seksyon gen Ch�f Seksyon pa yo, epi gen plis ke 30 AUSA k ap travay nan Divizyon Krimin�l lan nan Rejyon N� lan.

Biwo Sikisal

Seksyon Krim Ekonomik & Anviwonman

Seksyon Krim Ekonomik ak Anviqonman mennen ank�t a mennen devan lajistis gwo val� krime anviwonman ak anplwaye biwo. Seksyon an divize nan twa gwoup: Gwoup Fw�d Jeneral; Gwoup Fw�d Swen Lasante; ak Gwoup Krim Anviwonman.

Gwoup Fw�d Jeneral

Gwoup Fw�d Jeneral lan konsantre l sou krim finansye an jeneral, ki enkli envestisman kompl�ks ak fw�d sekirite, manigans Ponzi, operasyon �boiler room� ak defwode biznis, fw�d labank, fw�d kooporasyon, fw�d ipot�k, fw�d enf�matik (�dinat�), fw�d taks, fw�d fayit, zak ki anba Lwa Pratik Koripsyon Etranje [ Foreign Corrupt Practices Act], ak l�t gwo val� fw�d lap�s ak transf�. Pou reponn a krim ki f�t nan fw�d ipot�k, nan 2008 Distrik lan te kreye yon Gwoup Kont Fw�d Ipot�k, ki opere anba Gwoup Fw�d Jeneral lan. Depi li f�me. Gwoup Kont Fw�d Ipot�k lan ant�t nan tout nasyon an nan pouswit devan lajistis pou fw�d ipot�k. Nan Desanm 2010, Distrik lan anonse f�masyon Gwoup Kont Fw�d Sekirite ak Envestisman k�m pati yon pi gwo inisiyatif pou konbat magouy fw�d envestisman nan Sid Laflorid.

Gwoup Fw�d Swen Lasante

Gwoup Fw�d Swen Lasante an spesyalize nan deteksyon, envestigasyon ak mennen devan lajistis moun k ap kom�t fw�d swen lasante soutou kont pwogram Medicare lan ak konpanyi asirans prive yo. Bi Gwoup Fw�d Swen Lasante an se pou reponn rapidman a magouy fw�d kont Medicare lan ki toujou ap evolye nan Miami-Dade County, anpil fwa yo enkli f� reklamasyon pou ekipman medikal ki dire lontan, medikaman VIH ak �enfizyon� kans�, s�vis sante a domisil, terapi fizik/terapi pwofesyon�l, ak s�vis sante mantal. Pou reponn a epidemik fw�d swen lasante nan Sid Laflorid, nan 2007 Distrik lan kreye premye Gwoup Kont Fw�d Swen Lasante nan nasyon an. Epitou se s�lman Distrik lan ki gen Biwo Fw�d Swen Lasante ki endepandan nan tout nasyon an, kote ajan yo, moun k ap mennen ank�t yom, enfimye praktisy�n/n, ak AUSA yo travay ansanm ak CMS pou jwenn fw�d swen lasante preske pandan l ap f�t lan. Distrik Sid Laflorid te toujou ant�t lis lan pou pouswit lajistis kons�n fw�d swen lasante.

Gwoup Krim Anviwonman

Apa Main Justice se s�lman Distrik Sid Laflorid ki gen yon Gwoup Krim Anviwonman. Gwoup sa mennen ank�t ak mennen devan lajistis moun ki an vyolasyon lwaki pwoteje anviwonman an ak la nati [f�n ak flora]. Non s�lman Gwoup lan mennen moun k ap kreye polisyon devan lajistis pout�t yon an vyolasyon ak regleman regadan l�, la t�, ak dlo yo, m�n gen zak ki pa tradisyon�l k�m endistri maritim lan k ap jete dech� solid ak plastik, ak trafik ilegal nan manje ki kontaminen ak pwodwi famasetik. Epitou Gwoup lan bay ofisye anf�sman lalwa sip� nan vast National Parklands [Pak Nasyonal] ak Wildlife Refuges [Rezev Natir�l] ki nan Distrik lan. Yon posyon enp�tan nan resous yo ale anv� anf�man Endangered Species Act [Lwa pou Esp�s Menase], Lacey Act, ak Marine Mammal Protection Act [Lwa Pwoteksyon Mamif� Marinn], pou vyolasyon ki varye de destriksyon abita jiska kom�s ent�nasyonal ilegal de esp�s ki menase ak andanje. Gen anpil nan ka Gwoup la ke yo travay ansanm ak otorite lajistis etranje, ak ajans leta ak lokal.

Seksyon Krim Maj� [Grav]

Seksyon Krim Maj� [Grav] lan responsab pou mennen devan lajistis krim federal ki f�t nan konte Miami-Dade ak Monroe, epitou ak mennen ank�t nan yon varyete krim federal ki enplike: (1) operasyon ak pwopriyete gouv�nman an, enkli menas a Prezidan Etazini, atak ki f�t kont ofisye Federal, vole pwopriyete gouv�nman an, fabrikasyon f� dokiman, ofans kont lap�s, fw�d sekirite sosyal, epi ch�k Treasury [Minist� Finans] yo ta vol� ak falsifye; (2) krim ki gen pou w� ak sikwi kom�s ant eta yo, ki enkli trafik etranje, detounman avyon, ent�vansyon ak p�son�l a b�, transp�te byen ki vol�, kontreban lajan an gwo, epi trafike nan sekirite ak kat kredi ki f� ak vol�; (3) krim pwosedi legal, enkli ak obstriksyon lajistis, bay ajan federal f� deklarasyon, epi pa ranpli kondisyon kosyon an; (4) krim vyolan, enkli kidnapinn, ekst�syon ak vol� ak zam anba Hobbs Act [Lwa Hobbs], kambriyolaj labank, vol� machinn ak agresyon, wpi posesyon ilegal zam; (5) krim kont fi, timoun ak fanmi, enkli ponografi timoun, ak kadejak ki f�t pandan sou lanm�; (6) ofans fw�d imigrasyon; (7) vyolasyon trafike dw�g, enkli kontreban nan areyop� ak sou waf, plante mariwana nan kay epi van dw�g nan lari anba chal; epi (8) l�t krim ki f�t nan kote gen jirisdiksyon federal, k�m nan pak nasyonal ak l�t t� ak batiman federal.

Seksyon an divize nan kat Gwoup, chak gen Ch�f Adjwen yo. Malgre chak AUSA nan Seksyon an okipe yon varyete ka ak ank�t reaktif, chak Ch�f Adjwen yo gen premye responsabilite pou rasanble ak koodinen ak yon varyete ajans ank�t leta, lokal ak federal ki asinyen a gwoup travay k ap konsantre sou ank�t v�l kargo, krim maritim, Project Safe Neighborhood [Pwoj� Katye Senes�f], v�l idantite ak trafik imigran. K�m Seksyon USAO ki mennen plis ka devan lajistis, komis� nan Seksyon ale devan lajistis pa mway�nn 5 a 10 fwa chak ane. E an plis pou yo kenbe yon kaladriye tribinal aktif, komis� nan Seksyon Krim Maj� [Grav] yo ant�t ank�t pwoaktif konsenan krim federal yo.

Seksyon Narkotik

Seksyon Narkotik lan toujou ant�t nan nasyon an nan pouswit devan lajistis de moun k ap trafik anpil narkotik. Komis� yo gen anpil ekspeyans epi yo kalifye nan Gwoup Anf�sman Dw�g Krim Oganize [Organized Crime Drug Enforcement Task Force] (OCDETF), Seksyon sa vreman pwouve t�t li l� yo mennen pi gwo trafikan narkotik yo devan lajistis epi yo jwenn yo koupab. De pouswit lajistis lan ak konviksyon lid� kat�l Medellin, Cali, ak Norte Valle yo, a ekstradiksyon ak retire pli gwo ch�f gwoup paramilit� ak klandesten Kolonbyen yo, Seksyon sa te e l ap kontinye goumen nan pouswit ch�f responsab dw�g ent�nasyonal yo ak �ganizasyon narko-trafikan ak blanchisman lajan yo. Seksyon an ap kontinye idantifye ak korespon ak narko-trafikan ak menas narko-teworism atrav� lemon antye. Resamman, Distrik Sid Laflorid vin premye distrik nan nasyon an pou f�me yon gwoup spesyalize nan Seksyon Narkotik lan ki dedikase pou mennen ank�t ak pouswit menas narko-trafikan ki egziste kounyea nan Amerik Santral ak Amerik di Sid: �Bandas Criminales,� ke yo konnen tou k�m �BACRIMS.� Epitou, se te premye Distrik ki te konsantre sou rejyon Basen Karayib k�m yon pwen transb�dman pou dw�g k ap rantre Ozetazini ki soti Amerik di Sid. Nan yon strateji pwoaktif pou femen wout trakif sa, USAO lan f�k komanse Inisyatif Basen Karayib lan, kote yo devouwe resous pou kombat nouvo pwobl�m sa.

Komis� Gwoup Z�n Trafik Dw�g Entans Seksyon Narkotik (HIDTA) yo plase ak ajan Gwoup Operasyon ATF, DEA, FBI, ICE, ak ajans lokal anf�sman lalwa de Konte Miami-Dade ak Broward. Non s�lman y ap pesekite narko-trafikan ent�nansyonal ak moun k ap blanchi lajan, komis� HIDTA yo sou liyn batay lan nan mennen manm gang domestik k ap van dw�g nan lari ak �ganizasyon k ap afekte kominote lokal nou yo, devan lajistis. Pouswit lajistis sa yo nan Etazini pral vin jwenn krimin�l vyolan ki te genyen ak s�vi ak zam pou eseye pwoteje ak avanse biznis trafik dw�g yo sa yo koupab.

Seksyon Sekirite Nasyonal Entegrite Piblik & Dwa Sivil

Seksyon Sekirite Nasyonal Entegrite Piblik ak Dwa Sivil envestige ak mennen ka devann lajistis nan twa kategori sansib: (1) koze koripsyon ki kom�t pa ofisye federal, eta, lokal, ke yo eli oswa pa eli; (2) ka antiteworism ak konsekans sou tout teritwa an. Ank�t teworism an patikilye ap f�t ansanm ak Komite Miks Teworism [Joint Terrorism Task Force] (JTTF), yon komite FBI ap dirije nan Laflorid di Sid. K�k nan siks� Seksyon an se U.S. v. Padilla ak ka Liberty City Six; epi (3) ka ki gen pou w� ak eks� f�s, dwa vote, ak l�t vyolasyon dwa sivil.

Seksyon Pouswit Espesyal

Responsabilite prensipal Seksyon Pouswit Espesyal lan se mennen envestigasyon ak pouswit krim vyolan ki mennen yon lanm� oswa andomajman grav fizik yon moun, trafik im�nn, ak koze eksplwatasyon timoun devan lajistis. Dabitid AUSA ki nan Seksyon an mennen ank�t sou koze ki gen pou w� ak manm gang, menas pou kom�t yon zak grav sou yon moun oswa lanm�, v�l ak zam en seri, kidnapinn, anvayi kay, epi l�t krim ki kalifye p�n lanm�. Epitou AUSA yo travay sou ka eksplwatasyon timoun ki enplike tourism s�ks ent�nasyonal, sediksyon [pwovokasyon] timoun sou ent�n�t, ak pwodwi ponografi timoun. Epitou, AUSA yo travay sou ka trafik im�n domestik ak ent�nasyonal. Seksyon an okipe ka reyaktif ak ank�t istorik a lont�m ak pwoaktif. Epitou Seksyon an responsab pou sip�vize Pwoj� Timoun Senes�f [Project Safe Childhood], Pwoj� Katye Senes�f [Project Safe Neighborhood], ak Pwogram Trafike Im�n [Human Trafficking Programs] Distrik lan. Nan kapasite sa, AUSA yo travay ansanm ak ofisye anf�sman lalwa federal ak lokal pou konbat eksplwatasyon timoun, trafik imen, ak krim vyolan. Epitou AUSA yo patisipe nan pwogram pwoksimite kominote an ak prezantasyon pou ogmante konesans piblik lan konsenan koze se yo.

Tounen anlé a

DIVIZYON SIVIL

Divizyon Sivil Biwo Komis� Etazini pou Distrik Sid Laflorid reprezante L�zetazini nan anpil diferan pwos� sivil [asinyen] defans ak afimatif ki ta genyen soutou nan Tribinal Distrik Etazini pou Distri Sid Laflorid. Epitou AUSA ki nan Divizyon Sivil lan pratike devan Tribinal Fayit Ameriken ak Tribinal eta Laflorid. Divizyon Sivil lan konsiste de Gwoup Pwos� Jeneral, Fw�d MedikalAnf�sman Afirmatif Sivil (ACE), ak Pwos� Finansye (FLU).

Pwos� Jeneral

Majorite AUSA Divizyon Sivil lan okipe pwos� jeneral ak sivil. Prensipalman AUSA sa yo defan L�zetazini nan ka Tit VII ki pretan diskriminasyon nan anplwaye ak pratik travay ajans L�zetazini epi defan L�zetazini nan aksyon zsk sivil ilegal ki rantre nan Lwa Reklamasyon Zak Ilegal Sivil Federal [Federal Tort Claims Act], k�m neglijans medikal, responsabilite batiman ak aksidan otomobil. Epitou AUSA Pwos� Jeneral yo responsab pou defan ka nan anpil l�t sij�, ki enkli Lwa Libete Enf�masyon, Lwa Konfidansyalite, Lwa Pwosedi Administratif, zak ilegal sivil Konstitisyon�l, Sekirite Sosyal, anf�se yon manda, lwa konstitisyon�l, dwa prizonye, ak kondamnasyon.

Gwoup Fw�d Swen Lsante/Anf�sman Sivil Afirmatif (ACE)

Gwoup Fw�d Medikal/ACE mennen ank�t ak mennen devan lajistis ka sivil anba Lwa F� Reklamasyon ki emplike fw�d kont L�zetazini ak zak penalite sivil ki emplike yon gwo varyete pwogram federal. Nan anpil ka, AUSA ki nan Gwoup Fw�d Medikal/ACE s�vi ak Lwa Enjonksyon [L�d] Fw�d federal lan pou sispann fw�d lap�s, transf�, labank oswa medikal epi friz byen yo jwenn atrav� aktivite fw�d. Anpil nan ka ke AUSA yo okipe nan Seksyon an te inisye pa moun ki denonse yo, ki anrejistre plent yo ki sele. Apre sa gouv�nman an mennenank�t sou akizasyon yo, epi yo ka chwazi pou yo pouswiv zak la. Resamman, USAO regle amikalman yon ka fw�d famasetik, ki te komanse k�m yon ka moun ki denonse yo, pou plis ke $126 milyon. An plis de fw�d famasetik, AUSA ki nan Seksyon sa mennen ank�t ak pouswiv ka peyman anba tab, epi ak ka fw�d ki enplike koze kalite swen medikal ak apar�y medikal dirab.

Epitou AUSA nan Divizyon Sivil lan pouswiv aksyon dwa sivil dapr� lwa federal k�m Fair Housing Act [Lwa Kay Ekitab] av�k Americans with Disabilities Act [Lwa Ameriken ak Enfimite].

Gwoup Pwos� Finansye (FLU)

Fonksyon prensipal Gwoup Pwos� Finansye (FLU) lan se pou plede ak anf�se koleksyon d�t krimin�l yo douw� L�zetazini ak twazy�m pati yo, enkli ak restitisyon krimin�l, penalite finansye, ak aman. Epitou AUSA FLU yo anf�se d�t sivil ke yo douw� L�zetazini, k�m pr� el�v. AUSA yo ak p�son�l sipo nan FLU pouswiv agresivman tout avni koleksyon ki disponib pou ke yo ka byen anf�se jijman krimin�l ak sivil yo.

DIVIZYON KONFISKE BYEN

Divizyon Konfiske Byen te fonde nan 1993 k�m yon Divizyon endepandan, � li konsantre sou pwos� sou tout konfiskasyon krimin�l ak sivil nan Distrik Sid Laflorid. Misyon Divizyon Konfiske Byen se pou pwomosyon, fasilite ak anf�se obligasyon lwa Ozetazini ki s�vi ak konfiskasyon krimin�l ak sivil pou deranje ak dekouraje aktivite krimin�l, pou kraze gwoup krimin�l uo, epi pou separe krimin�l yo ak asosye yo de pwofi yo jwenn nan aktivite ilegal yo an.

AUSA ki asinyen a Divizyon Konfiske Byen okipe tout koze konfiskasyon sivil nan Distrik lan; okipe ak ede AUSA nan Divizyon Krimin�l lan ak koze regadan konfiskasyon nan pwos� krimin�l, epi gen responsabilite anjeneral pou tout koze regadan konfiskasyon byen, enkli ak ank�t, konfiske, ak dispozisyon final byen yo. Distrik lan soulinyen konfiskasyon krimin�l epi yo toujou nan pati anlé lis la nan tout nasyon an nan rekouv�t konfiskasyon jidisye epi ak depo nan Fon Konfiskasyon Byen. Yo s�vi ak lajan yo konfiske, jan lalwa federal p�m�t lan, pou sipote aktivite anf�sman lalwa federal, eta ak lokal e, nan ka ki apwopriye, pou founi viktim aktivite krimin�l yo restorasyon kompl� oswa pasy�l. Epitou pou konfiske benefis ak enstrimantalite pou krim de woutinn (k�m trafik dw�g, fw�d medikal ak ipot�k, chema Ponzi, ak krim anviwonman an), Distrik lan konfiske kont bank� nan peyi Lew�p, yon batiman kargo b� La Gres, obj� ansyen pre-Kolonbyen, ak milyon dola ki f�t nan koripsyon piblik etranje, pami l�t koze anko.

DIVIZYON AP?L

Divizyon Ap�l lan reprezante USAO lan nan Tibinal Ap�l Etazini pou Onzy�m Sikwi an. Divizyon an okipe tout ap�l ki ale nan Onzy�m Sikwi an pou ni ka sivil ak krimin�l ke Biwo a te mennen devan lajistis. Divizyon 18 manm lan se yon nan pi gwo ak sa ki plis okipe nan Depatman Lajistis lan. L� yo f� espesyalis ap�l yo okipe tout ap�l sivil ak krimin�l, donk sa f� ke Divizyon Ap�l yon depatman apa nan Biwo Komis� Etazini an. Pout�t istwa long ak siks� Divizyon an, l�t Biwo Komis� Etazini k ap ch�che pou devlope yon divizyon ap�l s�vi ak Divizyon pa nou an k�m egzanmp.

Dabitid pwos� ap�l lan enkli preparasyon prezantasyon a lekri epi prezante agiman oral devan Tribinal Ap�l. An plis de defan konviksyon krimin�l ak jijman sivil ke Biwo vin jwenn, Divizyon Ap�l pote ap�l afimatif bay Onzy�m Sikwi an sou desizyon adv�s pou L�zetazini, apre ke yo konsilte ak Biwo Komis� devan Depatman Lajistis ak Divizyon Krimin�l oswa Sivil Depatman Lajistis nan Washington, D.C.

Epitou manm Divizyon Ap�l lan bay kons�y epi konsilte sou koze legal ak Komis� Etazini ak l�t avoka nan Biwo. Omwen de avoka ap�l asu=inyen k�m liyezon a chak biwo sikisal ak chak seksyon pwos� nan Biwo Miyami an.

Tounen anlé a

Red Ribbon Week October 23-31
USAO Homepage
USAO Briefing Room
Stay Connected: Visit us on Twitter
What Makes Schools Safer? Using science to discover what works. Federal funding available. Visit NIJ.gov, keywords: 'comprehensive school safety intiative'
Project Safe Neighborhood

Nou an nasyon-laj nou diminye krim zam nan Amerik la.

Project Safe Childhood

Ede nou konbat zaf pwodiksyon nan krim eksplwatasyon seksyl kont timoun.

Victim Witness Assistance

Asire ke moun ki viktim krim federal yo trete ak ekite konpasyon, ak resp.