Etazini Konkli Yon Pwotokòl Antant Ak Biwo Administrasyon Tribinal Yo Nan Eta Nouyòk La Ki Garanti Aksè Ak Tribinal Pou Tretman Kont Dwòg Yo Nan Konte Rockland Lan Pou Patisipan Yo Ki Genyen Yon Konpetans Limite Nan Anglè
Damian Williams, Pwokirè Etazini an pou Distri Sid Nouyòk la, ak Kristen Clarke, Pwokirè Jeneral Adjwen Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis la, te anonse jodi a Etazini te konkli yon Pwotokòl Antant (“MOU”) ak Sistèm Tribinal Inifye Eta Nouyòk la, Biwo Administrasyon Jidisyè a (“OCA”) ki rezoud analiz li sou konfòmite Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland la ak Tit VI Lwa 1964 sou Dwa Sivil yo, ki entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, ak orijin nasyonal nan men benefisyè asistans finansye federal. Diskriminasyon ki entèdi an gendwa gen ladann yon enkapasite pou bay yon aksè lengwistik ki enpòtan.
Pwokirè Etazini an Damian Williams te di: “Yo ta dwe refize manm kominote a yon aksè enpòtan ak pwosedi jidisyè yo e ak pwogram yo ki ofri yon altènativ ak kondanasyon tradisyonèl yo akòz konpetans limite yo nan anglè. Nou remèsye Biwo Pwokirè Distri Konte Rockland la ak OCA paske yo te travay avèk nou pou asire Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland lan disponib pou tout patisipan ki elijib yo, e nou espere Pwotokòl Antant sa a ka sèvi kòm modèl pou tout tribinal nan distri sa a pou asire yon aksè enpòtan pou moun ki gen konpetans limite nan anglè, nan konfòmite ak Tit VI.”
Pwokirè Jeneral Adjwen an Kristen Clarke te di: “Asire yon jistis egalit devan lalwa vle di fè sa nan yon fason ki jis, egzat ak konpreyansib pou tout moun, men sa ap rive sof si moun yo ki enplike nan pwosesis jidisyè a ka kominike youn ak lòt. Moun pa ta dwe penalize pou konpetans limite yo nan anglè yo epi yo ta dwe resevwa sèvis asistans lengwistik yo bezwen pou yo patisipe san fòs kote nan pwosedi jidisyè yo ak fòmasyon tribinal oswa pwogram tretman la mandate. Akò sa a reprezante yon modèl pou asire aksè ak tribinal yo, ansanm ak pwogram ak sèvis li yo, pou tout moun, kèlkeswa konpetans yo nan anglè, epi li esplike aksyon ki nesesè yo pou elimine baryè pou itilizatè tribinal yo ki gen yon konpetans limite nan anglè.”
Dapre Pwotokòl Antant lan ak fichye epi deklarasyon piblik yo:
An janvye 2023, Biwo sa a te revize yon plent ki te pretann moun ki gen konpetans limite yo nan anglè ("LEP") pa t kapab patisipe totalman nan Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland la paske tribinal la pa t bay sèvis tradiksyon ak entèpretasyon. Yon ti tan apresa, OCA te enplike l nan pwosedi aksè lengwistik yo pou Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland la epi li te finalman pran responsablite pou Tribinal la nan mwa mas 2024. Biwo sa a, nan kolaborasyon ak Divizyon Dwa Sivil yo, te travay avèk OCA ak Biwo Pwokirè Distri Konte Rockland la, ki t ap jere Tribinal pou Tretman kont Dwòg la anvan mas 2024, pou idantifye refòm ki nesesè yo pou asire tout moun LEP yo ki kalifye pou patisipe nan Tribinal pou Tretman kont Dwòg la te gen aksè lengwistik ki enpòtan.
Pandan revizyon dosye sa a, Biwo Pwokirè Distri Konte Rockland la ak OCA te pran plizyè mezi pozitif pou bay patisipan nan Tribinal yo ki gen LEP yon aksè enpòtan, sa gen ladan l angajman pou founi sèvis entèprèt pou tout pwosedi jidisyè yo, reyalize aktivite sansibilizasyon ak patisipan yo ki nan Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland la, epi idantifye yon founisè tretman lokal pou bay sèvis tretman tribinal lan mandate an panyòl.
Dapre Pwotokòl Antant lan, OCA pral pran yon kantite mezi adisyonèl pou garanti yon aksè enpòtan pou patisipan ki gen LEP yo nan Tribinal pou Tretman kont Dwòg Konte Rockland lan. Etap sa yo gen ladan yo tradiksyon tout dokiman yo an panyòl, kreyòl, ak yiddish, ak nan lòt lang sou demann, fè piblikasyon pwogram Tribinal pou Tretman kont Dwòg la nan lòt lang sa yo, epi chèche founisè tretman ki pral ofri pwogram tretman kont dwòg tribinal mandate yo nan yon fason ki bay yon aksè enpòtan ak moun ki gen LEP yo, san patisipan yo pa peye anyen.
Enfòmasyon sou Tit VI ak konpetans limite nan anglè disponib nan www.lep.gov. Manm piblik la gendwa rapòte potansyèl vyolasyon dwa sivil yo nan Distri Sid Nouyòk la nan https://www.justice.gov/usao-sdny/civil-rights oswa avèk Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis la nan www.civilrights.justice.gov/report/.
* * *
Mesye Williams te remèsye Divizyon Dwa Sivil lan, Seksyon Kowòdinasyon ak Konfòmite Federal la, pou kolaborasyon li nan rezoud pwoblèm sa a.
Se Inite Dwa Sivil Biwo an nan Divizyon Sivil la ki ap jere dosye sa a. Asistan Pwokirè Etazini an Christine S. Poscablo se responsab dosye a.
Nicholas Biase, Lauren Scarff, Shelby Wratchford
(212) 637-2600