Skip to main content

This is archived content from the U.S. Department of Justice website. The information here may be outdated and links may no longer function. Please contact webmaster@usdoj.gov if you have any questions about the archive site.

Press Release

Depatman Jistis la Siyen yon Akò ak Sistèm Tribinal Inifye nan Eta New York la pou Rezoud Tit VI Evalasyon Aksè ak Lang

For Immediate Release
Office of Public Affairs

Depatman Jistis la te anonse jodi a siyati yon akò (MOU) ak Administrasyon Sistèm Tribinal Eta New York la, Biwo Administrasyon Tribinal la (OCA) pou amelyore aksè nan Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland, New York, pou moun ki gen konpetans limite nan anglè (LEP). Depatman an aplike Tit VI Lwa sou Dwa Sivil 1964 yo (Tit VI) "Title VI of the Civil Rights Act of 1964 (Title VI)" ki entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè ak peyi kote w soti bò kote benefisyè èd finansye yo. Entèdiksyon diskriminasyon an kapab gen ladan l pa rive bay aksè lengwistik nesesè.

"Asire jistis ekitab dapre lalwa vle di aji nan yon fason ki jis, fyab e konpreyansif pou toutmoun, men sa pa rive sof si moun ki enplike nan pwosesis jistis la kapab kominike ak youn lòt, se sa Asistan Pwokirè Jeneral, Kristen Clarke, Divizyon Dwa Sivil nan Depatman Jistis la te deklare. "Yo pa dwe penalize moun akoz yo gen konpetans ki limite nan anglè epi dwe resevwa sèvis asistans lengwistik yo bezwen pou patisipe yon fason ki jis nan pwosedi tribinal yo ak fòmasyon oswa pwogram trètman tribinal mande ki pou fèt. Akò sa sèvi tankou yon modèl pou asire aksè nan tribinal, ki gen ladan l pwogram ak sèvis yo, pou tout moun, kèlkeswa konpetans anglè yo genyen, epi prezante aksyon yo kapab poze pou kraze baryè pou ki konparèt nan tribinal ak konpetans yo nan anglè ki limite."

"Manm komite a pa dwe nye aksè nesesè nan pwosedi tribinal yo ak pwogram ki ofri altènatif nan santans tradisyonèl yo akoz konpetans yo nan anglè ki limite," se sa Pwokirè Ameriken an Damian Williams se sa li deklare pou Distri Sid New York la. "Nou remèsye Biwo Pwokirè Distri Rockland lan ak OCA paske y ap travay ak nou pou asire Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan disponib pou tout patisipan ki elijib yo, e nou espere pwotokòl akò sa kapab sèvi tankou yon modèl pou tout tribinal nan distri saa pou asire aksè nesesè pou moun ki gen konpetans limite nan anglè, nan konfòmite ak Tit VI la."

Depatman Jistis la te revize yon plent konsèman moun ki gen konpetans limite nan anglè (LEP) pa kapab patisipe konplètmannan Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan paske li pa t bay aksè lengwistik nesesè. Yon ti tan apore plent lan, OCA te in enplike nan pwosedi aksè lengwistik pou Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan ak OCA te finaman pran responsablite pou Tribinal la an mas.

Ansanm ak Biwo Pwokirè Distri Rockland lan, ki responsab Tribinal pou Trètman Dwòg anvan mas, OCA te pase nan lòt etap pou bay aksè nesesè pou itilizatè ki gen konpetans nan anglè nan Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan pandan depatman ap revize dosye sa a. Pami lòt aksyon ki fèt, OCA te pran angajman pou bay sèvis entèpretasyon pou tout pwosedi tribinal yo gratis ak fè dyalòg ak pati enterese yo nan Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan konsènan aksè nesesè pou moun ki gen konpetans limite nan anglè (LEP). 

Dapre MOU, OCA ap franchi yon kantite etap anplis pou asire gen aksè nesesè pou patisipan ki gen konpetans limite nan Tribinal pou Trètman Dwòg nan Distri Rockland lan. Etap sa yo ap gen ladan yo tradiksyon tout dokiman yo an espanyòl, kreyòl ak Yidich, ak nan lòt lang sou demann, epi sekirize founisè trètman yo ap ofri pwogram trètman sou lòd tribinal la yon fason ki bay aksè nesesè pou ki gen konpetans limite nan anglè san sa pou koute patisipan yo yon santim anplis.

Enfòmasyon siplemantè sou Divizyon Dwa Sivil yo disponib sou sitwèb li a nan www.justice.gov/crt. Enfòmasyon sou konpetans limite nan anglè ak Tit VI la disponib nan www.lep.gov. Manm popilasyon an kapab denonse vyolasyon dwa sivil posib nan www.civilrights.justice.gov/report/ or with the U.S. Biwo Pwokirè pou Distri Sid New Yorkla nan www.justice.gov/usao-sdny/civil-rights.

Updated February 6, 2025

Topic
Civil Rights
Press Release Number: 24-734