Skip to main content
Press Release

Yon chèf gang ayisyen akize pou zak kidnaping ki lakòz lanmò yon sitwayen ameriken nan peyi Dayiti nan mwa oktòb 2022

For Immediate Release
Office of Public Affairs

Yon ak akizasyon ki te depoze nan distri Columbia epi ki pibliye jodi a akize sitwayen ayisyen Vitel’homme Innocent, chèf gang Kraze Baryè a, pou wòl li ta sanse jwe nan pran de sitwayen ameriken kòm otaj avèk zam nan peyi Dayiti nan mwa oktòb 2022. Pandan zak sa, youn nan sitwayen yo te rive mouri.

Se pwokirè Ameriken Matye M. Graves ak Ajan espesyal ki responsab biwo FBI nan Miami, Jeffrey B. Veltri, ki anonse ak akizasyon sa.

Daprè ak akizasyon an, Vitel’homme Innocent ak gang Krazye Barye ap opere nan depatman Lwès nan peyi Dayiti, ki gen ladann zòn Dèlma, Tòsèl, ak Taba. Gang sa a patisipe nan kidnape moun pou lajan, vòlè ak vòlè machin.

Vitel’homme Innocent te bay manm nan gang nan lòd pou yo kidnape Jean Franklin ak Marie Odette Franklin lakay yo nan peyi Dayiti 7 oktòb 2022. Nan dat sa a, manm gang yo ki te gen zam nan men yo te antre nan kay Franklin yo epi eseye kidnape koup lan. Pandan kidnaping la, Marie Odette Franklin te rive pèdi lavi li. Yo te kidnape mari an epi kenbe misye nan yon kote yo sekrè nan peyi Dayiti. Pandan Jean Franklin te nan men kidnapè yo, Vitel’homme Innocent te patisipe nan negosyasyon pou lajan an echanj pou liberasyon Jean Franklin. Jean Franklin te jwenn liberasyon li nan dat 28 oktòb 2022, aprè yo te fin peye gang nan lajan nan non fanmi Franklin.

Pwokirè Ameriken Graves fè konnen : « Nou rete fèm nan misyon nou pou kenbe moun k ap komèt krim vyolan kont sitwayen ameriken nan peyi Dayiti yo responsab pou zak yo ». « Gang yo ak chèf gang nan peyi Dayiti yo dwe peye pou zak atwosite yo ap fè kont sivil inosan. Nou pral sèvi ak tout metòd nou genyen nan dispozisyon nou yo pou arete ak trennen devan lajistis moun ki fè vye zak sa yo ».

Ajan espesyal Veltri deklare : « Ak akizasyon ki pibliye jodi a montre angajman FBI pou li swiv prèv yo nenpòt kote yo mennen, epi jwenn [chache] chimen ki mennen li kote chèf konplo kriminèl yo nenpòt kote yo ye a ». « Ni tan, ni distans pap fè volonte nou febli. Nou pral sèvi ak tout zouti ki disponib epi nou prale nan tout kwen latè pou nou jwenn epi mennen devan lajistis sila kap chache fè Ameriken mal yo».

Vitel’homme Innocent toujou nan kouri. Li ta dwe ap viv nan zòn Taba, nan peyi Dayiti. Gen chans pou Vitel’homme Innocent akize de lòt move zak toujou nan distri Columbia pou sa ki gen rapò ak wòl li nan kidnape 16 sitwayen ameriken nan otòn nan 2021. Dosye sa a nan egzamen.

Si yo ta rekonèt li koupab, Vitel’homme Innocent riske jwenn yon kondanasyon pou prizon avi oswa pèn lanmò.

Biwo lokal FBI nan Miami ap mennen ankèt sou dosye sa, avèk èd biwo Atache jiridik FBI nan peyi Dayiti, ak èd Sèvis Sekirite Diplomatik nan Depatman Deta. Se pwokirè federal adjwen Jack F. Korba ki responsab Dosye a.

Akizasyon ki nan ak akizasyon sa a se jis akizasyon. Tout moun yo akize prezime inosan jiskaske yon tribinal pwouve ke li koupab san kite plas pou tout dout rezonab.

Updated October 25, 2023

Press Release Number: 23-1185