Pòtay Aksè Repondan yo : Kesyon yo Poze Souvan
Jeneral
Pòtay Aksè repondan se yon platfòm sekirize anliy (ki mande idantifyan pou konekte) ki pèmèt moun ki angaje nan pwosedi imigrasyon devan Biwo Egzekitif Egzamen Imigrasyon (EOIR) wè enfòmasyon sou ka yo, telechaje Dosye Pwosedi (eROPs) elektwonik, epi ranpli dokiman ki gen rapò ak ka yo. Li fè pati Sistèm tribinal Apèl EOIR (EOIR Courts & Appeals System (ECAS)).
Sèvi ak òdinatè pèsonèl, telefòn selilè, oswa lòt aparèy mobil ou, Ou kapab:
- Gade enfòmasyon sou ka w la ak dokiman yo sou Entènèt, enkli estati ka a ak dokiman ki enpòtan yo
- Telechaje fichye tribinal, dokiman, ak lòt korespondans tribinal imigrasyon ak Komisyon Apèl an matyè Imigrasyon
- Depoze dokiman dosye yo elektwonikman, olye pou w al depoze dokiman yo fizikman nan gichè depo tribinal imigrasyon an.
Depo elektwonik se pwosesis pou soumèt dokiman bay yon tribinal oswa yon ajans gouvènman an. Pou depoze yon dokiman elektwonikman nan Pòtay Aksè Repondan yo, ou dwe dabò telechaje dokiman an epi answit soumèt li pou anplwaye EOIR yo kapab egzamine l. Apre w fin telechaje epi soumèt, w ap resevwa yon imèl ki fè w konnen si yo aksepte oswa rejte dokiman w la. Yon fwa yo aksepte dokiman ou a, pwosesis depoze elektwonik la fini.
Lè w mande pou telechaje dokiman yo nan Pòtay Aksè Repondan yo, w ap resevwa yon kopi dokiman yo mande yo pou konsève sou òdinatè pèsonèl, telefòn selilè, oswa lòt aparèy mobil ou. Dokiman telechaje yo se kopi egzak dokiman ki nan dosye ofisyèl tribinal imigrasyon w la.
Pòtay Aksè Repondan yo travay ak tout navigatè prensipal yo, men li travay pi byen avèk Microsoft Edge ak Google Chrome.
Yes.
Kalifye pou Enskri
EOIR pral enfòme moun ki elijib yo pou enskri nan Pòtay Aksè Korespondan an avèk yon avi ofisyèl yo voye nan lapòs EOIR ap pwogrese enskripsyon pou Pòtay Aksè Repondan yo.
Gen twa zouti oto-asistans ki pa nesesè pou konekte. Zouti sa yo pèmèt moun yo depoze yon fòmilè EOIR 33 (Chanjman Adrès/Kowòdone), jwenn enfòmasyon debaz sou odyans, ak aksè nan resous debaz pou ede avèk ka imigrasyon yo.
Wi, si ou se yon adilt ki pa konsolide (konbine) ak ka yon minè(yo). EOIR ap pwogrese enskripsyon pou Pòtay Aksè Repondan yo. Lè yo resevwa avi, moun ki elijib nan pwosedi imigrasyon EOIR ki pa gen yon avoka oswa yon reprezantan akredite ka enskri epi itilize Pòtay Aksè Repondan.
Non. Poko. EOIR pral voye yon avi lè li lè pou w enskri sou Pòtaly Aksè Repondan yo. Jiskaprezan, avoka w la oswa reprezantan ki akredite a ta dwe kontinye sèvi ak Pòtay Ka ECAS (ECAS Case Portal) pou wè enfòmasyon sou ka w la epi ranpli dokiman ka w la sou non w.
Non. Ki jan, avoka ak reprezantan ki akredite yo ka jwenn aksè sou younnan sa yo:
- Pòtay Ka ECAS pou avoka ak reprezantan totalman akredite yo
- Pòay Peman ECAS pou moun ki peye frè depo ki gen rapò ak apèl. yo
Enskripsyon ak koneksyon
Lè w elijib pou w gen yon kont sou Portaly Aksè Koresponda an Pòtay Aksè Repondan, EOIR ap fè w konnen nan lapòs. Avi a pral gen ladan etap detaye pou jwenn yon DOJ Login. Yon kont DOJ Login nesesè pou itilize Pòtay Aksè Repondan yo.
Yon fwa ou fini pwosesis enskripsyon nan Pòtal Aksè Repondan, ou ka, konekte atravè ekran Koneksyon DOJ isit la.
DOJ Login ap ede pwoteje enfòmasyon w ap bay EOIR. DOJ Login anpeche itilizatè ki pa otorize jwenn aksè ak enfòmasyon sou ka w la sou pòtay Aksè Repondan.
Telechaje Dosye Ka w la, ki rele tou Dosye Pwosedi Elektwonik (EROP)
Nan Portaly Aksè Koresponda an, ou ka telechaje Dosye Pwosedi elektwonik ou (eROP), ki gen ladann dokiman ki asosye ak ka w la. Pou telechaje yon kopi eROP sou Pòtay Aksè Repondan, klike sou bouton Demann Telechajman (Request Download) an epi eROP ou a ap disponib nan espas 24 èdtan. Bouton Demann Telechajman an dezaktive pou dosye ka ki toujou rete sou papye yo. Gid Referans Rapid sa a esplike etap yo Si dosye ka w yo toujou rete sou papye, ou p ap kapab jwenn yon kopi sou Pòtay Aksè Repondan yo. Pou wè oswa jwenn kopi papye dosye ka w yo, tanpri swiv pwosesis pou Mande yon DOsye pwosedi (ROP).
Telechaje Dokiman Juridik/Depo Elektwonik
Gen règ sou tip ak gwosè fichye pou w telechaje sou Pòtay Aksè Repondan yo. Ou ka telechaje dokiman PDF (ki gen ladan PDF/A), JPG, ak JPEG ki nan 25MB oswa pi piti. Nou rekòmande w eskane oswa kreye dokiman PDF an nwa/blan (sa vle di, nivo gri) chak fwa sa posib pou diminye gwosè fichye a. EOIR ap chèche viris nan tout fichye yo anvan yo aksepte fichye a. Gid Referans Rapid sa a esplike etap yo.
EOIR aksepte kat kalite siyati pou dokiman ki depoze elektwonikman sou Pòtay Aksè Repondan yo:: (1) yon siyati orijinal ak lank ki ekri alamen; (2) yon siyati dijital ki kripte; (3) yon siyati elektwonik; oswa (4) yon siyati "konfòm" (paregzanp: /S/ John Doe).
Tanpri sonje ou oblije suiv nenpòt enstriksyon siyati yo bay nan fòm gouvènman yo. Paregzanp, si yon fòm Gouvernman mande w pou w siyen fòmilè a ak yon siyati lank ki ekri alamen, ou dwe suiv enstriksyon sa a. Si w pa suiv enstriksyon ki nan fòmilè yo, sa ka lakòz tribinal la pa kapab aksepte depo w la.
Estati depo dokiman w lan ap parèt sou Pòtay Aksè Repondan yo. EOIR ap voye imèl ba ou tou – pou konfime EOIR te resevwa dokiman w lan akpou fè w konnen si EOIR te aksepte oswa rejte dokiman w lan. Si EOIR aksepte yon dokiman, y ap ajoute dokiman an nan dosye w la, ki rele Dosye elektwonik Pwosedi oswa eROP.. Si EOIR rejte yon dokiman, imel la ap eksplike rezon ki fè yo te rejte dokiman an.
Tan lap pran pou yo aksepte yon depo elektwonik depann de fonksyònman tribinal la. Si tribinal la aksepte dokiman ki te soumèt elektwonikman yo, dat yo soumèt li elektwonikman an se dat depo a, kèlkeswa lè tribinal la aksepte dokiman an. Nan moman telechajman an, yo aplike yon filigràn ki gen dat ak lè depo a sou dokiman ki soumèt elektwonikman an.
Yo ap egzamine fichye yosoumèt ankò yo epi yo te rejte avan sa yo, ki rive apre dat limit depo a ka pa ka sou baz sikonstans depo a. Dapre manyè Règleman EQIR, Pati II “Jij Imigrasyon an ki gen otorite pou detèmine kijan y ap trete yon depo ki pa t respekte delè a.”
Wi. EOIR pral efektye sèvis elektwonik (voye yon kopi bay DHS) sou non w si w depoze elektwonikman atravè Pòtay Aksè Repondan yo toutotan depo a te kalifye pou depo elektwonik. Sonje byen, moun ki pa reprezante nan pwosedi imigrasyon anvan EOIR ka chwazi pou yo patisipe nan depo elektwonik atravè Pòtay Aksè Repondan yo men yo pa oblije fè sa. Patisipasyon an volontè.
Pou soumèt cdokiman ki klase/sekrè,, tanpri swiv pwosedi ki nan Memorandòm politik EOIR konsènan enfòmasyon klase.
Nan moman sa a, moun ki gen yon kont Pòtay Aksè Repondan ka ranplu ak soumè Fòm I-589, Demann Azil ak Sispansyon ekspilsyon. Se sèl fòm ki disponib nan Pòtay Aksè Repondan nan moman sa a.
Non. Ou p ap bezwen soumèt yon kopi sou papye fòm ou a si ou soumèt li elektwonikman apati òdinatè pèsonèl ou atravè Pòtay Aksè Repondan an. Estati depo dokiman w lan ap parèt sou Pòtay Aksè Repondan an. EOIR ap voye imèl ba ou tou – dabò, pou konfime EOIR te resevwa dokiman w lanpremyeman epi dezyèmman pou fè w konnen si EOIR te aksepte oswa rejte dokiman w la. Si EOIR aksepte yon dokiman, y ap ajoute dokiman an nan dosye w la (eROP). Si EOIR rejte yon dokiman, imel la ap gen yon eksplikasyon.
Non. EOIR pral efektye sèvis elektwonik (voye yon kopi bay DHS) nan non w, si ou soumèt elektwonikman yon Fòm I-589 ke ou ranpli atravè Pòtay Aksè Repondan an.
Ou dwe soumèt prèv fizik la dirèkteman nan tribinal imigrasyon ki apwopriye a. Tanpri swiv pwosesis ki etabli pou depo ki pa elektwonik yo bay nan Manyèl Pratik EOIR
Karakteristik sa a pa disponib pou kounye a
Non. Ou dwe depoze Demann Azil ak Sispansyon Depòtasyon w lan (Fòmilè I-589) apre Depatman Sekirite Enteryè a fin depoze Avi Konparisyon an (NTA) (Fòmilè I-862) ak EOIR. Apre EOIR aksepte NTA a, ou ka depoze Fòmilè I-589 ou an elektwonikman avèk EOIR sou Portal Aksè Repondan yo. Tanpri gade Form I-589, Instructions, pou plis enfòmasyon sou kijan ak ki kote pou depoze aplikasyon an.
Dokiman tribinal ki depoze nan yon tribinal imigrasyon dwe depoze anvan minuiselon fizo orè kote odyans imigrasyon ou an pwograme a. Dokiman tribinal ki depoze nan Komisyon Apèl Imigrasyon an dwe depoze anvan minui selon fizo orè lès la. Ou ka jwenn fizo orè tout Etazini sou sit entènèt National Institute of Standards and Technology a.
Ekstansyon dat limit depo w la ap depann de nati pàn sistèm lan. Pa gen okenn chanjman nan dat limit depo pou yon pàn sistèm ki te planifye pandan plis pase 5 jou davans. Pou pàn ki pa te planifye oswa ki te planifye avèk yon avi 5 jou oswa mwens pase sa, dat limit depo yo ap pwolonje jiska premye jou ouvrab apre pàn sistèm lan fini. EOIR afich pàn sistèm sou Paj Wèb Jounal Pàn ECAS li an
Gade enfòmasyon sou ka w la
Tout ka ak kontestasyon yo parèt sou yon sèl ekran nan Pòtay Aksè Repondan yo, enkli ka ki fèmen ak annatant epi kontestasyon ki asosye yo. Si w chwazi yon ka oswa yon apèl espesifik, ou ka wè enfòmasyon espesifik pou ka oswa apèl sa a nan pati anwo dwat ekran an.
Pòtay Aksè pou Repondan yo mande pou kreye yon kont, men Sistèm Enfòmasyon Otomatik Ka/Liy Otomatik Enfòmasyon sou Ka a pa fè sa Epitou, Pòtay Aksè Repondan yo pèmèt ou wèenfòmasyon detaye sou ka a ak istwa pwosedi yo, telechaje yon kopi konplè dosye ka w la (ke yo rele Dosye Pwosedi elektwonik oswa eROP), epi depoze dokiman ka elektwonikman pou pwosedi imigrasyon EOIR ou.. Okontrè Sistèm Enfòmasyon Otomatik la Ka bay sèlman enfòmasyon limitesou estati ka w la ak Dosye Pwosedi a. Si yon ka make "Pa Divilge" pa gen okenn enfòmasyon detaye sou ka ki disponib nan Sistèm Enfòmasyon Otomatik Ka a, byenke li disponib nan Pòtay Aksè Repondan an.
Non. Tanpri verifye paj wèb Estati Operasyon EOIR (EOIR Operational Status la pou mizajou ak chanjman k ap fèt nan fonksyònman tribinal nan tout peyi a.
Wi. Ou ka wè revèy azil pou ka w la nan seksyon Enfòmasyon Tribinal la (Court Information) ki sou Pòtay Aksè Repondan yo.
Non. Anrejistreman Odyo Dijital (DAR) odyans yo pa disponib sou Pòtay Aksè Repondan yo.
Plis enfòmasyon, Asistans, ak Feedback
Kontakte Sèvis Kliyantèl la sou ECAS.techsupport@usdoj.gov oswa rele 1-877-388-3842, Lendi jiska Vandredi, eksepte jou ferye federal yo, soti 6:00 a.m. pou rive 8 p.m. Lè Lès.
Wi, Gid Referans Rapid (Quick Reference) Guide eksplike etap pou telechaje dokiman ki gen rapò ak tribinal la, telechaje Dosye Pwosedi elektwonik ou (eROP) epi konsilte enfòmasyon sou ka w la.
Tanpri voye kòmantè ak sijesyon ou yo bay ECAS.techsupport@usdoj.gov.